Accessibility links

Breaking News

Etazini: Pon Baltimore a Tonbe, Sèvis Ijans yo Ap Chèche Omwen 7 Machin


Francis Scott Key Bridge collapse in Baltimore
Francis Scott Key Bridge collapse in Baltimore

Sekouris ijans yo t ap chèche omwen 7 machin ki disparèt nan dlo a apre pon Baltimore a tonbe Madi maten apre yon bato te fè kolizyon avèl, dapre sa otorite yo te rapòte.

Yon kontenè ki pèdi kouran fè kolizyon ak yon gwo pon nan vil Baltimore, tou pre Washington, epi koze pon an pou l kraze.

Travayè ki tap fè konstriksyon sou pon an te plonje tonbe nan dlo frèt rivyè a.

Sekouris yo rale 2 moun soti nan dlo a men gen 6 lòt ki disparèt.

Ekipaj kontenè a te mande sekou kèk moman sèlman anvan kolizyon ki te desann Pon Francis Scott Key a.

Gouvènè eta Maryland di mesaj SOS la te pèmèt otorite yo limite kantite machin ki te sou pon an nan moman sa a.

Kontenè a frape youn nan poto ki sipote pon an, sa ki te koze l plizye tankou yon jwèt.

Li te plonje desann nan dlo a apre kèk segond sèlman.

XS
SM
MD
LG