Accessibility links

Breaking News

Efondman Pon Baltimore la Taka Gen Gwo Konsekans Ekonomik pou Ameriken


Yon bato kago kole anba yon pati pon Francis Scott Key la nan Baltimore, 27 Mas, 2024.
Yon bato kago kole anba yon pati pon Francis Scott Key la nan Baltimore, 27 Mas, 2024.

Yon bato kago pèdi kouran epi frape yon gwo pon nan vil Baltimore, andeyò Washington bonè Madi maten. Kolizyon an detwi pon an nan yon espas kèk segond sèlman epi fè l plonje desann nan yon rivyè.

Destruksyon pon sa a takapab koze pwoblèm pandan plizyè mwa pakse li se travèse yon wout maritim ki esansyèl pou Etazini.

Gen 6 moun ki pòte disparèt e yo prezime yo mouri. Otorite yo rekòmanse chache yo Mèkredi maten.

Alex Del Sordo se yon komèsan lokal vil Baltimore:

"Map viv isit depi 20 an e mwen pa janm gen pwoblèm. Franchman se yon bagay ki dwòl. Mwen te sou pon an a 630 yè swa e jodia m oblije pran yon lòt wout akoz li pa la ankò. M poko dijere nouvèl sa a."

Destriksyon pon an lakoz bato ak kamyon ozalantou youn nan pò kote ki gen plis aktivite sou kòt ès Etazini oblije chache wout altènativ. Sa ka koze anpil delè epi ogmantasyon pri machandiz kap soti toupatou nan mond lan.

Mark Conway se manm Konsèy vil Baltimore:

"Pò Baltimore la se youn nan pi gwo pò nan peyi an. Li bay ekonomi rejyonal la gwo jarèt. Li jwe yon wòl enpòtan nan komès global la."

Yon bato Gad Kot fe patwouy devan bato kago ki kole anba yon pati pon Francis Scott Key la ke yon bato kago frape pon an, 27 Mas, 2024.
Yon bato Gad Kot fe patwouy devan bato kago ki kole anba yon pati pon Francis Scott Key la ke yon bato kago frape pon an, 27 Mas, 2024.

Pwofesè Amy David se yon ekspè nan biznis kap travay nan Inivèsite Purdue. Li esplike kijan destriksyon pon Baltimore la pral afekte pwovizyon machandiz global yo.

"Nou poko konnen konbyen tan pò a pral fèmen akoz pon ki kraze a. Men sètènman pon an pap fonksyone pandan yon bon peryòd tan e sa pral enpakte machandiz ki disponib sou mache global la. Baltimore pa youn nan pi gwo pò sou Kòt Es la men li espesyal paske gen anpil machin ak kamyon ki live Baltimore.

Pwofesè David di sa ka lakoz livrezon machin kap soti Ewòp ak nan Mwayèn Oryan an trennen, kidonk dilè yo pap gen otan machin disponib pou vann.

Pandansetan, moun Baltimore gen kè sote pou jan sa pral afekte lajan nan pòch yo.

Joe Diesel abite Baltimore. Li se yon travayè retrete.

"Otowout la pap fonksyone pandan 4 an, men sak pi enpòtan kounyea se re-louvri wout maritim lan paske sinon se Baltimore wap pini, bato kwazyè yo, ekipman lou konstriksyon Caterpillar pase isit. Mercedes-Benz, chabon nou. Yo pral voye machandiz sa yo nan pò Filadelfi oubyen Nouyòk, men Baltimore deja finn pèdi yon pakèt gwo biznis. Nou se yon vil Ameriken. Se konsa nou fè lajan nou - pò Baltimore la. E kounyea sous lajan nou fini."

PDG konpayi Flexport, ki jere pwovizyon ki disponib sou mache global la di aksidan an pral gen gwo repèkisyon, e ke Ameriken ta dwe atann yo aske ap gen rate pwodui.

Enfòmasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG