Accessibility links

Breaking News

Venezyela

Yon Franko-Ameriken nan Prizon Venezyela Depi 2 mwa

Venezuela Election Protest
Venezuela Election Protest

Lucas Hunter, yon Franko-Ameriken 37 lane, nan prizon nan peyi Venezyela depi kòmansman mwa janvye a, daprè sa sè li Sophie te di AFP mèkredi.

Sophie te vwayaje Washington pou pale ak otorite ameriken yo, ki di detansyon li a "enjis".

"Li pa fè anyen mal, li pa yon militan politik, li pa gen okenn afilyasyon militè... Li te jis nan move plas nan move moman," se sa sè a eksplike sou frè li, ki bloke nan yon sitiyasyon diplomatik konplike.

"Nou pa gen okenn prèv li vivan," sè a di ak kè sere. "Ni otorite fransè, ni otorite ameriken yo pa konnen kote Lucas ye."

Dapre sa fanmi li rakonte, ajan venezelyen yo te arete l 7 janvye sou fwontyè Kolonbi ak Venezyela pandan li tap vwayaje pou fè kaytsèf (Kitesurf).

Lucas Hunter pa t reyalize li te apwoche fwontyè a epi, lè li remake sa, li eseye fè bak pou li ale, men ajan fwontyè venezyelyen yo te travèse an Kolonbi pou arete l, daprè sa fanmi an ekri sou sit entènèt yo mete sou pye pou mande liberasyon li.

Yon jou aprè arestasyon li, li te voye yon mesaj pou di li espere yo libere l byento. "Epi depi lè sa, nou pa gen okenn nouvèl," Sophie esplike.

Semenn pase a, li aprann frè li sou yon lis kèk Ameriken Washington konsidere kòm "detni enjisteman" nan Venezyela.

Otorite Depatman Deta li te rankontre mèkredi "ap travay seryezman sou ka a," li di.

Lucas Hunter, ki travay nan finans nan Lond, te vize paske li gen yon paspò ameriken, daprè sa sè li kwè. Pou li, arestasyon sa a "politik".

Petwòl: Maduro Roule "Tapi Wouj" Pou Tout Envestisè Etranje

Venezuela's President Nicolas Maduro gestures to supporters during a rally in Caracas, Venezuela, Feb. 27, 2025.
Venezuela's President Nicolas Maduro gestures to supporters during a rally in Caracas, Venezuela, Feb. 27, 2025.

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, deklare madi 11 mas 2025 la peyi li ouvè a nenpòt envestisman etranje nan rezèv petwòl li yo, apre Etazini revoke lisans Chevron an.

Desizyon ameriken an pou mete fen nan lisans Chevron, ki dwe likide operasyon li yo nan peyi a anvan 3 avril, te prezante pa prezidan ameriken an, Donald Trump, kòm yon repons a rezilta eleksyon prezidansyèl nan mwa jiyè pase a, yo te konsidere kòm ilegal.

Venezyela "ouvè a tout envestisman etranje nan petwòl, gaz, petwochimi ak rafinaj," se sa prezidan Nicolas Maduro te fè konnen madi.

"Sa ki vle vini travay avèk nou, pòt la louvri, tapi wouj, n ap anbrase w ak anpil afeksyon," li te ajoute.

Malgre yo revoke lisans Chevron, Maduro te endike "tout jizman petwòl peyi a ap kontinye pwodwi," san bay plis detay.

Venezyela: Opozan Luis Somaza jwenn arestasyon l

El exconcejal venezolano, Luis Somaza, fue arrestado el 12 de febrero de 2025, de acuerdo a denuncias de familiares. (Archivo)
El exconcejal venezolano, Luis Somaza, fue arrestado el 12 de febrero de 2025, de acuerdo a denuncias de familiares. (Archivo)

Opozan Luis Somaza, youn nan kad pati opozisyon venezyelyen Voluntad Popular, te jwenn arestasyon l mèkredi, daprè sa minis Enteryè Diosdado Cabello te deklare jedi, sa ki konfime yon anons Leopoldo Lopez, lidè pati a epi figi opozisyon an ki an egzil nan peyi Lespay, te fè avan sa.

Minis la, ki dekri M. Somaza kòm yon "teworis", pa bay plis detay sou arestasyon an ni sou rezon yo.
"Arestasyon an te fèt lakay li yè (mèkredi) pa kèk moun ki pa t gen okenn idantifikasyon", se sa M. Lopez te di pandan yon reyinyon vityèl jedi ak jounalis nan Venezyela.

Gen yon "trantèn" manm pati Voluntad Popular (VP) ki kounye a nan prizon, daprè sa M. Lopez ajoute.
Sou X, VP mande "liberasyon prese-prese" M. Somaza epi pibliye yon videyo kote sè li, Valeria Somaza, ap rakonte arestasyon an.

Yon Premye Gwoup Imigran Etazini Depòte Rive Venezyela


Yon Premye Gwoup Imigran Etazini Depòte Rive Venezyela
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:25 0:00

Yon premye gwoup sitwayen venezyelyen Etazini mete deyò nan peyi a te ateri lendi 10 fevriye a nan aswè nan ayewopò Maiquetia, nan nò Caracas, dapre sa yon jounalis AFP te konstate.

Etazini Ankouraje Peyi yo Resevwa Depòte yo

Etazini Ankouraje Peyi yo Resevwa Depòte yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:48 0:00

Etazini voye yon emisè OVeneyela pou l konvenk otorite yo aksepte imigran Venezyelyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal.

Venezuela : Chèf Opozisyon an Mande Pou Yo Bòykote Pwochen Eleksyon yo

Venezuela opposition leader Machado appears at protest
Venezuela opposition leader Machado appears at protest

Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, ki toujou konteste viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, te lanse apèl dimanch pou mande pou yo bòykote eleksyon k ap vini yo nan Venezuela.

"Jiskaske rezilta ki 'bay opozisyon an laviktwa' antre an aplikasyon, li pa apwopriye pou nou patisipe nan eleksyon yo."

Se sa Machado te di nan yon videyo li poste sou rezo sosyal yo anvan eleksyon palmantè, minisipal ak eleksyon pou gouvènè yo.

Nicolas Maduro, ak sipò lame a ak yon administrasyon japwouv, te prete sèman nan mitan mwa janvye a pou yon twazyèm manda 6 zan nan yon seremoni rival li Edmundo Gonzalez Urrutia, ki ann egzil, te dekri kòm yon "koudeta".

Urrutia konsidere tèt li kòm prezidan eli, e li te mande lame a pou l "dezobeyi".

Etazini Voye Jete Re-eleksyon Prezidan Maduro, men li Kenbe yon Sous Finansman Pou Gouvènman l lan

Venezuela Maduro
Venezuela Maduro

KARAKAS, Venezyela (AP) —An 2022, Mezon Blanch te bay Venezyela yon sous finansman “pou soutni retablisman demokrasi” apre Prezidan Nicolás Maduro te pwomèt pou l travay pou gen yon eleksyon prezidansyèl ouvè, epi li te akòde gwo konpayi ameriken Chevron yon pèmi pou pèmèt li pwodui ak ekspòte petwòl venezyelyen malgre sanksyon yo.


Eleksyon Maduro te pwomèt la pa t ni lib ni jis, epi li te prete sèman mwa sa a pou yon twazyèm manda 6 an, malgre prèv kredib ki montre opozan li te jwenn plis vwa pase li.

Men, sanksyon yo te retire yo toujou ap ede gouvènman an ranpli kès leta. Opozisyon Venezyelyen an di gouvènman Maduro a te fè milya dola nan ekspòtasyon pèmi sa a te rann posib, e li difisil pou gwo otorite ameriken yo eksplike poukisa pèmi an toujou an plas.

Venezyela: Plizyè Peyi nan Amerik Latin Denonse Prestasyon Sèman Maduro

Plizyè peyi nan Amerik Latin te denonse samdi prestasyon sèman konteste Nicolas Maduro fè pou yon twazyèm manda kòm lidè Venezyela, e Brezil te eksprime "gwo enkyetid" li sou "vyolasyon dwa moun ki opozan pouvwa Karakas la."

Malgre gen dout sou eleksyon prezidansyèl mwa jiyè a, Maduro, ki sou pouvwa a depi 2013, te prete sèman vandredi pou yon nouvo manda sis lane. Kominote entènasyonal la an gran kantite te boude seremoni an.

Ansyen prezidan Kolonbyen Alvaro Uribe te mande samdi pou gen yon entèvansyon militè "pou chase" Maduro, pandan nan Karakas, patizan li yo te selebre envestiti li a ak yon gwo parad motosiklèt nan kapital la.

Ekwatè, Panama, Kosta Rika, ak Repiblik Dominikèn, ki fè pati Alyans pou Devlopman nan Demokrasi (ADD), te rejte "ak tout fòs zak ilegal envestiti a (...) ki se yon rezilta fwod elektoral ki enpoze ak laterè Leta kont pèp venezyelyen an," dapre yon kominike.

"Menm si nou rekonèt kèk jès relachman bò kote gouvènman Maduro a, tankou liberasyon 1,500 prizonye pandan dènye mwa yo, gouvènman peyi Brezil deplore dènye epizòd arestasyon, menas, ak pèsekisyon kont opozan politik" venezyelyen yo, dapre yon kominike ministè Afè etranjè brezilyen an.

Maduro Prete Seman pou yon Lot Manda kom Prezidan Venezyela

Maduro Prete Seman pou yon Lot Manda kom Prezidan Venezyela
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:59 0:00

Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro prete semen 10 Janvye pou yon lot manda kom chef deta peyi Venezyela

Venezyela Akize Opozan Maduro, Marquez, pou Patisipasyon nan yon "Kou Deta"

Former presidential candidate Enrique Marquez of the Centrados Party holds an election results tally sheet during a press conference about the disputed presidential election in Caracas, Venezuela, Aug. 14, 2024.
Former presidential candidate Enrique Marquez of the Centrados Party holds an election results tally sheet during a press conference about the disputed presidential election in Caracas, Venezuela, Aug. 14, 2024.

Minis Enteryè Venezwela konfime mèkredi arestasyon ansyen kandida a la prezidans Enrique Marquez, yo akize l pou patisipasyon nan yon "Kou Deta" kont Prezidan Nicolas Maduro, ki pral prete sèman pou yon lòt manda vandredi.

"Enrique Marquez fè pati Kou Deta yo te vle fè nan Venezyela," Minis Enteryè Diosdado Cabello te deklare sou televizyon, pandan li ajoute Marquez te "lye ak FBI gringo a" — yon Ameriken yo pa bay non otorite yo di yo te arete tou — ansanm ak bòpè prensipal rival elektoral Maduro a, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame li te genyen eleksyon prezidansyèl jiyè a.

Venezyela: Tansyon yo Ogmante Anvan Envestiti Prezidan Maduro

7일 베네수엘라 카라카스에서 니콜라스 마두로 대통령이 3번째 임기를 공식적으로 시작하면서 볼리바르 민병대와 전투원들에게 연설을 진행하고 있다.
7일 베네수엘라 카라카스에서 니콜라스 마두로 대통령이 3번째 임기를 공식적으로 시작하면서 볼리바르 민병대와 전투원들에게 연설을 진행하고 있다.

Opozisyon ak patizan pouvwa a lanse manifestassyon, deplwaman fòs lame nan Karakas, plan sekirite inik, arestasyon "mèsenè’’ Venezyela ap viv yon moman tansyon kèk èdtan anvan envestiti prezidan Nicolas Maduro vandredi, viktwa li a sòti nan magouy dapre opozisyon an.

"Se volonté Bondye toupisan, se volonte pèp nou an ki fè m isit la," se sa Maduro di, pandan li pare pou kòmanse yon twazyèm manda youn apre youn lòt.

Palman an, kote pouvwa a gen yon majorite total paske opozisyon an te bòykote eleksyon lejislatif 2020, envite Maduro vandredi a midi (16:00 GMT) pou seremoni envestiti a devan depite yo.
Men opozisyon an, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè, ap mande pou gen manifestasyon nasyonal jedi an favè "prezidan eli" Edmundo Gonzalez Urrutia pou eseye kraze prestasyon sèman an.
Pouvwa a reponn apèl sa a tou nan rasanble sipòtè li yo pandan li deplwaye fòs masiv nan Karakas.
Lame, polis, milis, ajan sèvis entèlijans, colectivos (paramilitè) ap sikile nan vil la pafwa ak mask, epi televizyon piblik la ap montre imaj fòs lòd yo regilyèman.

Prezidan Maduro lanse yon plan militè-polis nasyonal, pandan otorite yo deja fè yon deplwaman fòs sekirite masiv nan kapital la, Karakas. Plan sa a gen ladann "tout fòs ame yo, milis la ak tout fòs polis yo."
Minis enteryè a, Diosdado Cabello, pwomèt pou l kanpe an kanson fè: "Faschis! Teyoris! Si nou oze fè yon bagay, n ap fè w peye pou sa tout rès vi nou, paske n ap defann Palè a, men apre sa n ap mache pran w."

Gonzalez Urrutia Di Sòlda Venezyela yo "Mwen Dwe Asime wòl Komandan an Chèf Mwen"

Venezuelan opposition leader Edmundo Gonzalez Urrutia (Front) waves to supporters next to Uruguay's President Luis Lacalle Pou after a meeting at the Suarez and Reyes presidential residence in Montevideo on January 4, 2025.
Venezuelan opposition leader Edmundo Gonzalez Urrutia (Front) waves to supporters next to Uruguay's President Luis Lacalle Pou after a meeting at the Suarez and Reyes presidential residence in Montevideo on January 4, 2025.

Opozan venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl yo, fè sòlda yo konnen dimanch li dwe "pran wòl komandan an chèf la" 10 janvye, jou yo pwograme envestiti Nicolas Maduro, ki pwoklame kòm gayan eleksyon yo.

"Dapre konstitisyon an (...) mwen dwe pran wòl komandan an chèf" lame a 10 janvye, se sa ansyen anbasadè a, ki gen 75 lane, ki te reprezante opozisyon an pandan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a deklare.

Fòs lame a konsidere kòm yon potomitan pou pouvwa prezidan Maduro. Chèf lame a te fè sèman plizyè fwa "fidèlite" ak prezidan sosyalis la, malgre eleksyon li yo ki plen ak magouy selon opozisyon an e yon gwo pati nan kominote entènasyonal la pa rekonèt yo.

Lame a te patisipe aktivman nan represyon manifestasyon ki te swiv pwoklamasyon reyeleksyon Maduro pou yon twazyèm manda.

"Fòs lame nasyonal nou an dwe yon garanti pou souverènte ak respè volonte pèp la. Se devwa nou pou aji ak onè, merit ak konsyans (...) Li nesesè pou mete fen nan yon lidèchip ki vle defòme prensip fondamantal ak moral fòs lame nou an," li ajoute nan videyo sa a, ki te difize depi Washington, twazyèm etap nan yon vwayaj diplomatik apre Buenos Aires ak Montevideo.

"Se moman pou nou reyafime angajman nou anvè patri a. Apati 10 janvye, nou dwe aji ak detèminasyon ak inite pou pwoteje Venezyela nou an. Misyon nou se retabli souverènte popilè ki te manifeste nan vòt yo," li di.

Apèl sa a sòti sèlman kèk èdtan apre chèf opozisyon an, Maria Corina Machado, ankouraje pou manifeste jedi, jou anvan envestiti a.

Venezyela ap Ofri 100.000 Dola pou Arete Opozan Gonzalez Urrutia

Venezyela ap Ofri 100.000 Dola pou Arete Opozan Gonzalez Urrutia
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:28 0:00

Opozan venezyelyen an egzil, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè a fas ak Prezidan Nicolas Maduro, ap vwayaje pou ale Ajantin, pandan otorite venezyelyen yo ofri yon rekonpans 100.000 dola pou nenpòt enfòmasyon ki ka ede yo kaptire li.

Opozan Venezelyen Edmundo Gonzalez Urrutia sou Wout pou Ajantin

Europe Human Rights Venezuela
Europe Human Rights Venezuela

Opozan venezelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè a kont prezidan Nicolas Maduro, ap vwayaje soti Madrid kote li t ap viv an egzil, pou l al nan Ajantin, selon yon sous nan prezidans Ajantin nan ki te fè anons la nan jedi.

M. Gonzalez dwe rive nan kèk èdtan nan Buenos Aires, sous la konfime pou AFP, san bay plis detay sou opozan an, ki te pwomèt pou l retounen nan peyi l pou "pran fonksyon li" 10 janvye kote Caracas fè konnen l ap ofri 100,000 dola pou arestasyon li.

Venezyela ap Ofri 100.000 Dola pou Arete Opozan Gonzalez Urrutia

VENEZUELA-POLITICS-POLICE-OPPOSTITION-GONZALEZ URRUTIA
VENEZUELA-POLITICS-POLICE-OPPOSTITION-GONZALEZ URRUTIA

Opozant venezyelyen an egzil, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè a fas ak Prezidan Nicolas Maduro, ap vwayaje pou ale Ajantin, pandan otorite venezyelyen yo ofri yon rekonpans 100.000 dola pou nenpòt enfòmasyon ki ka ede yo kaptire li.

M. Gonzalez Urrutia, ki nan egzil an Espay depi mwa septanm, e ki te pwomèt pou tounen nan peyi li pou "pran fonksyon li" 10 janvye a nan plas Nicolas Maduro, dwe rive nan kèk èdtan nan Buenos Aires, yon sous nan prezidans ajantinen te di AFP, san bay plis detay.

Load more

XS
SM
MD
LG