NUUK, Greenland (AP) — Biwo vòt yo louvri nan Gwoennland pou eleksyon palmanntè bonè madi a pandan prezidan ameriken an, Donald Trump, ap chèche kontwòl zile estratejik sa a nan Aktik la.
Yon delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li konseye- prezidan Frinel Joseph kite peyi a, yè dimanch la, pou ale nan peyi Pewou ak Meksik. Objektif vwayaj sila a se pou "ranfòse travay sou referendum nan epi soutni òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti".
Premye minis peyi Dayiti, Alix Didier Fils-Aimé deklare si pa gen sekirite p ap ka gen ni referandòm ni eleksyon.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pou evalye preparasyon pou referandòm ak eleksyon pi ta ane sa a. Pandan vizit sa a, li te mete aksan sou nesesite pou garanti sekirite pèp ayisyen an.
Prezidan ki sou pouvwa nan peyi Ekwatè a Daniel Noboa ak rival gochis li Luisa Gonzalez angaje nan yon match sere apre eleksyon prezidanyèl ayè dimanch la nan Ekwatè, sa ki soulve posiblite pou gen yon 2èm tou eleksyon nan peyi sa a ki divize e ki anba vyolans trafik dwòg.
Apeprè 14 milyon sitwayen peyi Ekwatè te kòmanse vote dimanch pou chwazi kiyès ki pral dirije peyi pou pwochen ane ki ap vini yo.
Prezidan Byelorisi a Alexander Lukashenko te re-eli dimanch ak 87,6% apre vòt yo, dapre biwo konsèy elektoral peyi a.
Kominote Ayisyen an nan Springfield, t ap swiv avek anpil entere, seremoni envesti prezidan Donald Trump, ki ofisyelman monte sou pouvwa a, ye lendi 20 Janvye a. Depi ve 11 ze nan maten konsa, Markenson te reyini avek anviwon 8 frè ak zanmi, nan salon lakay li, pou l swiv evènman sa.
Vis Prezidan eli Repibliken, JD Vance te fèt yon kote ki enb. Li te grandi nan yon vil endistriyèl nan Ohio, ki chaje ak pwoblèm. Apre Li ta’l lekòl nan “Ivy League” e kounye a li pral youn nan pi piti vis prezidan nan listwa Etazini. Detay Jeanty Augustin Junior.
Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, ki toujou konteste viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, te lanse apèl dimanch pou mande pou yo bòykote eleksyon k ap vini yo nan Venezuela.
Plizyè estrikti politik nan peyi Dayiti di yo prè pou patisipe nan pwochèn eleksyon jeneral yo,nan moman konsèy elektoral pwovizwa a kòmanse fè preparatif pou ta òganize eleksyon yo nan mwa novanm 2025.
Load more