Radio
12:30 - 13:25
Etazini: Sekouris yo pwevwa plis pase 30.000 moun pral bezwen abri pwovizwa nan moman lapli kontinye ap tonbe nan Houston, Tegzas.
Se 2èm pwogram jounen an, avèk nouvèl tou nèf sou Lèzetazini, Ayiti ak rès mond la. 2 fwa pa semèn (mèkredi ak vandredi) se yon pwogram lib tribin "Dyaloge ak Etazini", sou Ayiti oubyen yon tèm enpòtan konsènan Lèzetazini ou rejyon Amerik Latin nan.
17:00 - 17:25
Ewop: Yon somè sou migrasyon an Frans kote lidè yo ap debat pi bon fason pou mete yon fren nan kantite refijye kap riske lavi yo sou lanmè Mediterane a.
e 3èm e dènye pwogram jounen an, avèk nouvèl tou nèf sou Lèzetazini, Ayiti ak rès mond la. Pami segman ki pase ladan yo e ki pa nan lòt pwogram yo, genyen Lavi Ozetazini ak Nouvèl sou Vedèt yo.