Yon blende polis Nasyonal-la boule nan afwontman ant lapolis ak gang ame nan zòn Torcel
Masak gang gran grif yo fè nan Pon Sonde kontinye pwovoke kolè popilasyon an pandan moun nan zòn-nan pa ka bliye trajedi sa-a pandan yap refijye nan kek abri.
Pou Rantre ane skolè 2024-2025 la premye minis Garry Conille vizite Lise Jèn Fi
Prezidan peyi Kenya pull up Ayiti Samdi 21 Septanm nan kote li rankontre responsab KPT a (Konsey Prezidansyel Tranzisyon) epi polisye Kenyan kap dirije Fòs Miltinasyonal la.
4 jou aprè yon kamyon gaz eksploze nan Miragwan ,dènye bilan Pwoteksyon Sivil pale de 27 mò ak 42 blese . Korespondan nou Steven Aristile vizite kèk viktim nan Medsen San Fwontyè a ki twouve l nan komin kafou.
26 moun pèdi lavi yo, yon trantèn lòt blese nan yon eksplozyon kamyon gaz, samdi 14 septanm 2024 la nan vil Miragwàn, selon sa Emmanuel Pierre ki se direktè jeneral pwoteksyon sivil fè konnen.
Yon premye gwoup 24 ofisye Jamayiken ak ofisye Beliz te rive jedi 12 septanm Ayiti pou sipòte fòs miltinasyonal la an Ayiti nan kad misyon yo genyen pou yo akonpaye PNH la batay kont gang yo.
Moun ki rete nan Sidès Ayiti pake pran wout nasyonal la pou vwayaje akoz ensekirite a. Sa lakoz y ap pran gwoup nan morn ki danjre epi difisil pou jere.
Sekretè deta ameriken anonse yon fon asistans pou Ayiti pandan li t ap vizite kapital peyi a
Konsèy gouvènman ak Premye minis Garry Conille pran plizsyè dosye nan okazyon an pami yo yon platfòm nimerik pou byen kontwole kontraktyèl leta yo pou elimine sistèm chèk zonbi .
SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Ajans anti-koripsyon Ayiti a (ULCC) akize gwo ofisyèl nan gouvènman an pou krim ki gen ladann anrichisman ilegal ak abi pouvwa yo pandan yo te nan pòs yo.
Ann Ayiti, madi 3 septanm Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) bay ofisyèlman bay laprès rapò ankèt ak rekèt lajistis.
Gwoup mizikal Zafèm ki gen nan tèt li Reginald Canger ak Dener Ceide mete anpil plezi nan Pòtoprens nan wikenn pase a nan Ritz Kinam e se konsa li fèmen nan Pòtoprens toune ke li t ap fè pou sezon ete a.
Anbasadè Taiwan an Ayiti a Web-Jiann KU remèt yon lo ekipman sekirite endividyèl ak premye minis Garry Conille pou lapolis nasyonal ak lame dayiti.
Nou pale ak kek moun nan Potoprens sou nouvel ki fe konnen Depatman Trezo Etazini anonse sanksyon jodi 20 Out la kont ex-prezidan Michel Martelly pou trafik dwog ak blanchiman lajan.
Polis Nasyonal D’Ayiti prezante yon bilan :5 prezime bandi mouri, 13 lòt arete, pami yo 3 polisye, popilasyon nan katye solino a pran lari pou mande lapolis vin ede yo ak gang ki vle pran katye yo a.
Pwoteksyon sivil òganize 2 jounen atelye fòmasyon pou jounalis yo sou kominikasyon nan tan kriz ak jesyon risk e dezas.
Anpil sitwayen ayisyen bay reyaksyon yo sou deklarasyon minis Edikasyon Nasyonal la ki di Lekòl ap ouvè nan mwa Oktòb.
Premye minis Ayisyen an ak minis edikasyon an vizite Collège Canado-Haitien Jodi Madi 6 Dawout 2024 la.
Sitiyasyon moun k ap viv nan kan deplase yo ann Ayiti vin pi malouk aprè lapli ki tonbe yè nan kapital la.
Load more