YouTuber Ameriken Addison Pierre Maalouf di Li Vinn Ayiti pou Bay Pawòl ak yon Moun Kap Dirije yon Ensireksyon Kont yon Gouvènman Koronpi

Your browser doesn’t support HTML5

YouTuber Ameriken Addison Pierre Maalouf di VOA se pwoteksyon Bondye ki lakoz li soti anba grif gang ame 400 Mawozo. Li blame "polisye koronpi" pou pyèj ki te lakoz bandi yo te mete l anba kod. Yo kidnape l nan moman li tapral rankontre chèf gang Jimmy Cherizier pou yon entèvyou.