Accessibility links

Breaking News

'Mwen Fristre' - "YouTuber" Addison Pierre Eksplike Poukisa li Toujou an Ayiti


YouTuber Ameriken Addison Pierre Maalouf pandan yon entevyou ak VOA Kreyol nan vil Kap Ayisyen, Lendi 1 Avril, 2024.
YouTuber Ameriken Addison Pierre Maalouf pandan yon entevyou ak VOA Kreyol nan vil Kap Ayisyen, Lendi 1 Avril, 2024.

YouTuber Ameriken doirijin Libanè Addison Pierre Malouf pase 17 jou nan baz gang 400 Mawozo apre yo te kidnape l pandan li te nan wout pou yon entèvyou ak chèf gang G9 ak Viv Ansanm nan, Jimmy Cherizier alyas "Barbecue". Li te gen entansyon kite Ayiti 1 Avril, men sa pat fèt. Kounyea li Okap.

VOA: Nan Ki Kondisyon ou te jwenn arestasyon w jodia nan Kap Ayisyen?

Addison Pierre Maalouf: "Yo arete m Kap Ayisyen jodia paske lè yo te kidnape nou nou te gen yon machin (nou te lwe) ke nou kenbe pandan 17 jou pandan yo te kidnape m e nèg ki lwe machin nan malgre mwen te amikal avè l vle pran avantaj blan an - si w vle m onèt avèw."

"Mwen eskize m pou sa m te di sou peyi a (nan videyo mwen pibliye sou X / Twitter) paske mwen te senpman fristre - yo finn kidnape m pandan 17 jou epi m te prèt pou m pati - gade - Anbasad Etazini - m tap pran avyon pou kite peyi a OK? Epi 15 nèg kwense m nan yon sal nan ayewopò a paske yo te konnen yo te ka pwofite de mwen. Donk se sak pase."

"Gade bagay yo difisil paske m konnen pèp Ayisyen an se yon bèl pèp. Mwen rankontre anpil bon Ayisyen. Anpil moun ki onèt e fyab. Men lè yon bagay konsa rive - monchè yo te kenbe m (otaj) nan yon dezè pandan 17 jou ou konprann mwen? - tout sa m vle fè se ale lakay mwen epi wè fanmi m. E m te prèt pou m fè sa. Mwen te konprann mwen tap kite peyi a - epi kounyea mwen isit. Yo pa arete m - se pwoteje yap pwoteje m - men m deja rate vol mwen. Donk se pou rezon sa a m isit.

"Sak pase se ke 15 mesye tap eseye pwofite de mwen malgre nou te deja finn dako ke yo tapral rekipere machin nan yon fason. Ke nou tapral voye yon chofè al pran machin nan (Pòtoprens), men yo wèm nan ayewopo a e yo te vle pwofite de mwen. Moun mezon lokasyon machin nan nan ayewopo a - m regrèt di sa se pa tout Ayisyen - men moun sa yo se volè kap eseye pran avantaj sou mwen.

"Si wap gade (entèvyou sa a) an Ayiti e ou se yon Ayisyen e ou kwè sa montre yon move imaj de peyi w mwen mande nou padon - mwen konnen gen anpil bon moun an Ayiti men moun sa yo gate imaj la - moun sa yo gate imaj (peyi a). Yo te ban m yon pri pou machin nan, mwen di yo wi epi yo ogmante pri a. Epi apre sa yo ogmante l anko. Paske tout sa ya p eseye fè se pwofite de mwen.

"Donk mwen pa gen chans wè manman m ki prèske fè yon atak kadyak apre pitit gason li te kidnape nan yon peyi etranje akoz moun sa yo. Se sa m vle di.

"Ayiti se bèl peyi - men gen de moun ki renmen pran avantaj de moun paske yo blan e se pa yon bèl bagay ditou. Sa fristre m. Mwen fristre e sa fè m mal paske mwen konnen se yon bèl peyi. Mwen t al vizite Il a Rat, Il a Rat te bèl a mo, mwen tal nan lanmè peyizaj Ayiti bèl a mo mwen te gade peyi a nan elikoptè a e Ayiti bèl anpil men malerezman gen moun ki vle pwofite de ou e se pa tout moun e m espere ou pap vire pawol mwen nan entèvyou sa a mwen espere ou transmèt sa mwen di a ak ide mwen vle fè pase a."

Addison Pierre: "Gade sa a, ou wè? Sa se Ayiti mwen kanpe nan mitan dlo a - peyi a bèl anpil. Men m poko pibliye videyo sa yo paske mwen poko kite Ayiti. E sèl nouvèl ki soti sou mwen an Ayiti se kidnapping mwen epi arestasyon m. Peyi sa bèl e mwen regrè t si w panse mwen prezante yon imaj lèd de peyi a. Men fok nou konprann ke sa fè 2 fwa yo kenbe m nan peyi sa a.

{Polisye: Sa fè 2 fwa?}

Addison Pierre: Premye fwa yo te kidnape m kounyea se kenbe yo kenbe m. M rate vol mwen. M te konprann m tapral lakay mwen. Se pa oumenm ki kidnape m men pito nèg sa a (moun ayewopo yo). Se menm bagay ak (kidnapè yo) sèl diferans se li pa pwente yon zam nan tèt mwen.

VOA: An fèt kidnaping ou an konfu pou anpil moun paske yo wè jan ke ou te alèz avèk kidnapè yo.

Addison Pierre: Gade si ou janm viktim yon kidnapping ou gen opsyon pou w janti epi amikal epi yo bawou yon chanm ki gen è kondisyone epi yo byen aji avèw - oubyen ou ka krache nan figi yo epi yo lage yon sak sou tèt ou epi yo boule plastik sou po w. Kèlkeswa sak pase ou pral peye yon ranson epi deside si ou vle pou yo bat ou oubyen si w vle amize w.

VOA: Konbyen kob ou peye?

Addison Pierre: "Li nan nouvèl yo, ou ka chache. Ou se yon jounalis pa vre ou vinn jwenn mwen? Ou ka jwenn ni.

* Nan yon entevyou ak VOA nan Potoprens, misye di li peye $50,000

VOA: Pou ki lè ou la?

Addison Pierre: "Monchè kisa wap mande ou vle m mouri? Moun ki deyo a te pare pou yo bat mwen. Eske map an sekirite? Eske yap akonpaye m lè map tounen? Lè map pati yo pral akonpaye m pa vre? Paske mwen pa vle pou yon moun - yo vle tout bagay yo vle detay sou kilè map pati."

{Polisye: Nou pral akonpaye w nan avyon an e nap pran swen tout bagay.}

Addison Pierre: "Donk m pa konnen lè m ka jwenn yon avyon m a pati kite peyi a. Te m di yon bagay klèman sa yo pa tradui pou mwen. Mwen vle di sa klèman epi mete l nan repotaj ou paske si ou pa fè l map fè l. Pèp Ayisyen an se yon bèl pèp. Ou pa bezwen tradui pou mwen. Pèp Ayisyen an se yon bèl pèp. Peyi sa a bèl. Se gang ak politisyen koripi ki finn ruinen peyi a. Se sa m reyalize."

XS
SM
MD
LG