Yon Sèl Moun Ranpòte Gwo Lo Lotri Powerball la ki Vo $1 Milya

Lavant biye lotri Powerball yo kontinye ogmante, nan Sen Joseph, eta Missouri, Lendi 17 Jiye, 2023.

Se nan eta Kalifòni ke biyè ki ranpote gwo lo a nan lotri Powerball la te vann. Moun sa a ranpòte yon afè $1,8 milya.

Nimewo ki soti nan tiraj la sete: 7, 10, 11, 13, 24 epi Powerball wouj la sete 24.

Se 6èm pi gwo lo lotri nan istwa peyi Etazini.

Mou ki achte biyè ki genyen an taka resevwa $558 milyon si li chwazi pou yo peye l tout lajan an tou suit - montan sa a se sa lap resevwa apre yo finn wetire lajan enpo a. Oubyen moun nan ka chwazi pou yo peye l tout milya a men li va resevwa li ti kras pa ti kras, chak ane.

Lotri Kalifoni deklare sou kont Twitter li ke moun ki achte biyè ki genyen an te achte l nan yon ti makèt ki sitye nan katye Las Palmitas la.

Dènye fwa yon moun te genyen lotri Powerball la seta 19 Avril pase a. Pri a sete $253 milyon. Depi lè a pèson pat ranpòte lotri a, jiska yè swa.