Venezuela: Nicolas Maduro, Anonse Li Retire Dwa Juan Guaido Kòm Fonksyonè Piblik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lidè opozisyon venezuelyèn nan Juan Guaido ke plizyè nasyon konsidere kòm a prezidan venezuela. Caracas, Venezuela, 28 mas 2019. Foto: REUTERS/Ivan Alvarado

Gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a nan Venezuela deklare jedi 28 mas 2019 la li retire nan men lidè enterimè a Juan Guaido dwa pou l okipe fonksyon piblik. Entèdiksyon sa a ap valab pou 15 zan. Sepandan, tou swit aprè anons entèdiksyon an te parèt sou televizyon leta a, Mesye Guaido fè konnen:

”Nou pral kontinye okipe lari a pou pwoteste kont le fèt ke Maduro poze grif li sou pouvwa a.”

Pami peyi ki rekonèt Juan Guaido kòm prezidan enterimè peyi Venezuela genyen Etazini ak 50 lòt nasyon. Sepandan, Nicolas Maduro kontinye rete sou pouvwa a nan moman peyi Venezuela ap fè-fas ak pwoblèm elektrisite, la mizè, ak manifestasyon ki gen nan tèt yo Juan Guaido.

Plizyè lidè nan le mond abitye kondane gouvènman Nicolas Maduro a nan Venezuela.