Accessibility links

Breaking News

Ed Imanitè Ameriken Rive Kolonbi. Eske L ap Rive nan Venezuela?


Ed imanitè rive sou fwontyè ant Venezuela avèk Kolonbi a
Ed imanitè rive sou fwontyè ant Venezuela avèk Kolonbi a

Anpil nan sitwayen venezuelyen ki travèse Pon Simon Bolivar la chak jou ant vil Cucuta, nan Kolonbi, avèk Eta Tachira nan Venezuela, poze kesyon pou yo mande:

“Kisa ki pral rive m apre sa?”

Kòlèg nou Cristina Caicedo Smit, k ap travay pou Sèvis Latino-Ameriken Lavwadlamerik la e ki ale sou fwontyè kolonbo-venezuelyen an, fè nou konnen plis pase 50 tòn asistans imanitè rive nan zòn fwontalye a san pèsonn pa konnen kijan manje ak medikaman sa yo pral kapab ale nan Venezuela.

Aprè premye kagezon asistans Lèzetazini voye sou fwontyè ki separe 2 peyi yo, prezidan auto-pwokame a, Juan Guaido, lanse yon apèl bay fòzame yo pandan li t ap bay Cristina C. Smit yon entèvyou. Misye Guaido deklare:

“Yo byen konnen sa k ap pase nan Venezuela… Yo gen zanmi ki kouri kite peyi a... yo soufri menm soufrans ke nou tout soufri …

Men lòd mwen pou lame a: Se pou nou kite èd imanitè a antre; si nou fè sa, nou va poze yon aksyon ektwòdinè; paske yon moun komèt yon krim kont limanite si li pa pote èd bay yon lòt ki anba menas lanmò.”

Konsènan kago pwovizyon Lèzetazini voye Kolonbi pou Venezuelyen yo, anbasadè ameriken an nan Bogata, Kevin Whitaker, fè deklarasyon sa a –toujou nan mikwo Cristina Caicedo Smit:

“Sa se tou senpleman yon avans; se tou senpleman yon kòmansman. Se enpòtan, sa fè sans anpil, e se nan Venezuela menm yo pral distribye pwovizyon yo bay pèp venezuelyen an.”

Bò kote pa l, prezidan dispite venezuelyen an, Nicols Maduro, rejte èd imanitè Lèzetazini an, e li di li pa p kite l antre nan peyi li a paske, dapre sa l di, “Venezuelyen yo pa bezwen li.”

Pandansetan, Prezidan oto-pwoklame a, Juan Guaido, genyen pou l anonse anvan lontan 2 sant reyinyon nan Amerik Latin nan epi l ap anvizaje posiblite pou l mete an plas yon koulwa imanitè pou transpòte asistans la anndan Venezuela.

XS
SM
MD
LG