Twoup Izrayelyen Debake nan Pi Gwo Lopital Gaza a

Palestinyen ki blese nan bonbadman Izrayel fe nan Gaza rive lopital vil Deir al-Balah, 15 Nov. 2023.

Twoup Izrayelyen yo debake nan pi gwo lopital Gaza a kote yo tap chache tras Hamas andedan an ak anba bilding nan, ki chaje ak plizye santen pasyan pami yo tibebe ki fek fet.

Lopital la pase plizye jou san elektrisite ak yon ti kras manje pandan batay ap dewoule ozalantou li.

Responsab lasante Gaza yo pale de pesonel medikal ak pasyan ka pe anpil nan moman twoup anvayi espas la.

Ahmed Etiema, yon Palestinyen ki suviv atak la rakonte sa l viv.

" Timoun yo te nan pyes la sanzatann obu a frape sol la nan etaj pi wo a. Timoun isit yo blese. Gen 4 mwen jwenn yon lot 3 timoun. Mwen pa konn ki kote yo ye. Mespere Bondye va tire revanj li pou sa."

Detay sou atak Mekredi a poko finn kle, men otorite nan Izrayel ak Gaza prezante vesyon diferan de sak pase adedan lopital la.

Lame Izrayelyen an pibliye yon videyo ki montre solda yo kap pote bwet ki make "manje pou tibebe" ak "pwovizyon medikal" sou yo.

Premye Minis Benjamin Netanyahu rankontre twoup Izrayelyen yo nan baz Zikim la tou pre rejyon no Gaza.

"Nou sonje le yo te di nou nou paka antre Gaza. Nou antre. Yo di nou paka pwoche Gaza Siti. Nou rive. Yo di nou paka antre Shifa - Nou antre."


Netanyahu di li pale ak Prezidan Etazini Joe Biden epi di l Izrayel pap sispann.

"Nou pap bay le gen. Nou pral elimine Hamas epi atenn yon viktwa konple epi reprann otaj nou yo. Ak asistans ou epi asistans Bondye. Mesi anpil nou eksepsyonel."

Prezidan Mahmoud Abbas kondane batay Gaza a ak zak vyolans ki vize Palestinyen yo. Misye pran la pawol Mekredi a lokasyon jounen Endepandans Palestinyen an.

"Kadav timoun nou yo ke misil agresyon Izrayelyen sa a rache an miyet mosso, san fanm nou ak gason nou ki koule - misil lame agresyon an kraze espwa yo epi etenn lavi yo. Se pral yon madichon pou yo si yo eseye okipe nou. Sa yo ki rete vivan pap rete bouch be sou krim lage Izrayel komet kont pep nou nan Gaza, nan Sisjodani ak nan Jeruzalem."

Izrayel ap fe fas ak anpil presyon pou pwouve deklarasyon li fe pou di Hamas te transfome lopital Shifa a pou fel tounen yon baz komandman.

Chef Oganizasyon Mondyal Lasante a OMS, TEDROS GHEBRE-YESUS deklare Mekredi atak sou lopital Shifa a "konpletman inekseptab."

"Operasyon milite Izrayel la nan lopital Al-Shifa Gaza Siti a konpletman inekseptab. Lopital pa chan batay. Nou gen anpil ke sote pou sekirite anplwaye medikal yo ak pasyan yo. Pwoteksyon yo total-kapital. OMS pedi kontak ak travaye lasante kap travay nan lopital Al-Shifa yo."


Lachin bo kote pa li lanse apel pou yon seselfe.

Mao Ning, se potpawol Ministe Afe Etranje Lachin.

"Lachin repete plizye fwa fok gen yon seselfe pi vit posib pou evite dezas imanite pi grav. La chin ap fe jefo pou aji kom medyate pou mete fen nan konfli a. Lachin pral kontinye travay ak lot pati yo pou jwe yon wol konstruktiv e aktiv - pwomouvwa yon seselfe, bese tansyon yo, soulaje sityasyon imanite a epi chache yon lape dirab ki gen yon solisyon 2 eta ladann."

Yon lot kote, Minis Defans Izrayelyen an Yoav Gallant te rankontre Kowodonate Espesyal Etazini pou Mwayen Oryan an Brett McGurk nan Ministe Defans la nan Tel Aviv Mekredi.

Nan yon deklarasyon li pibliye ministe a di 2 responsab yo diskite sou lage Izrael Hamas la pandan twoup Izrayelyen yo kontinye avanse nan Gaza.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AP ak Reuters.