Trump di li Pap Patisipe Nan Deba Prezidansyèl Pati Repibliken an

(FILES) Former US president and 2024 Republican Presidential hopeful Donald Trump speaks at the Republican Party of Iowa's 2023 Lincoln Dinner at the Iowa Events Center in Des Moines, Iowa, on July 28, 2023.

NEW YORK (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump konfime ke li pa pral patisipe nan premye deba prezidansyèl Repibliken an Mèkredi - e ke gen anpil chans tou pou li pa patisipe nan lòt aktivite tou.

Trump ekri Dimanch sou sit rezo sosyal li a ke piblik la konnen li epi "konnen kòman prezidans li a te yon siksè", kidonk li "pa pral patisipe nan deba yo."

Pòtpawòl Trump la pa t klarifye imedyatman si wi ou non li gen lide bòykote tout deba yo, oswa sèlman sila ki pwal fèt kounye a.

Ansyen prezidan an ki devan tout lòt kandida Repibliken yo depi byen bonè dapre sondaj yo te di depi plizyè mwa ke li pa vrèman wè sa li ap tire nan kanpe sou sèn ak rival li yo pou premye fwa nan Milwaukee Mèkredi, paske li deja byen lwen devan yo.