'Nap Mennen'w Tounen Lakay' Biden Pwomet Ameriken ki Nan Afghanistan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Joe Biden pale sou evakyasyon sitwayen Ameriken ki nan peyi Afghanistan, depi la Mezon Blanch, 20 Out, 2021.

PrezidanJoe Biden pwomet pou'l "mennen tounen lakay" tout Amerikenki bloke nan peyi Afghanistan. Biden fe komante sa yo pandan yon konferans pou lapres nan la Mezon Blanch vandredi nan moman gouvenman Ameriken an ap redi pou'l evakye Ameriken ak etranje epitou Afghan ki vilnerab yo soti nan peyi a. Taliban an finn pran kontwol peyi Azi di Sid sa a kounyea.

Your browser doesn’t support HTML5

Biden Pwomet Pou'l Mennen Ameriken ki Nan Afghanistan Tounen nan Peyi yo

Prezidan an di angajman li pran an kouvri Afghan ki ede Etazuni pandan lage a, ki te dire anpil ane. Biden ap fe fas ak anpil pawol piman bouk Ozetazuni akoz dezod ak vyolans ki pete devan ayeropo vil Kaboul la, pandan moun yo ap chache sekirite. Vol kap pati depi ayewopo Kaboul la te sispann pandan plizye he'd tan jodi Vandredi a, anvan yo te ka reprann.