Premye Minis Barbad Teste Pozitif pou COVID-19

Premye Minis Mia Amor Mottley pale pandan yon sesyon plene pandan Some Dez Amerik la, Vandredi 10 Jyen, 2022.

Premye Minis Barbad la, Mia Mottley, teste pozitiv pou COVID-19 dapre yon deklarasyon ofisyèl.

Biwo Mottley fè konnen Lendi lidè zile Karayib de lès la gen yon enfeksyon leje, e li pral rete lakay li. Yo ajoute ke li konplètman vaksinen kont COVID-19.

Mottley prete sèman pou yon dezyèm mande nan mwad Janvye a, apre pati li a te oganize yon eleksyon jeneral rapido-presto apre peyi a te koupe lyen ak Rèn Elizabeth II byen ta ane pase a.

Mottley te eli premye minis an 2018 e se konsa li te tounen premye premye minis fanm zile Barbad.