Nan yon entèvyou ekskuzif ak VOA Kreyol, Minis Afè Etranje Ayisyen an, Claude Joseph deklare "pa gen konfli" ant Ayiti ak Republik Dominikèn.
Minis la, kap vizite Washington jodia, kote li rankontre kèk responsab Ameriken, reponn kestyon Jacquelin Belizaire sou echanj pawol ant Minis Joseph ak responsab Dominiken yo sou kestyon ensekirite a.
Your browser doesn’t support HTML5
Tout bagay te kòmanse ak yon tweet ke prezidan dominiken Luis Abinader te fè, kote li te lanse yon SOS bay kominote entènasyonal la.
La comunidad internacional, en particular EE. UU., Canadá, Francia y la Unión Europea, deben actuar en Haití y con urgencia. RD continuará el plan anunciado con medidas migratorias más estrictas. @POTUS @EmmanuelMacron @JustinTrudeau
— Luis Abinader (@luisabinader) November 1, 2021
San pèdi tan, Minis Afè Etranje ayisyen Claude Joseph te raple chèf leta dominiken an ke Depatman D'eta Ameriken pratikman mete tou 2 peyi yo nan menm panye respektivman akoz enkyetid Etazuni genyen pou sityasyon sekirite lakay yo.
Suite à la mise en garde du 25/10/21 du @StateDept contre la montée de la criminalité en terre voisine, j’encourage le gouvernement dominicain et celui d’Haïti à travailler d’un commun accord pour enrayer le problème de l’insécurité sur l’Île. pic.twitter.com/HP1p4Kt7EZ
— Claude Joseph (@claudejoseph03) November 1, 2021
Pou Depatman Deta Ameriken an, Repiblik Dominikèn nan Nivo 3 - kivledi sitwayen Ameriken ta dwe "Rekonsidere Vwayaje ", Ayiti limenm nan Nivo 4, kivledi "Pa Vwayaje".
Minis Joseph di Prezidan Dominiken an pa prezidan Ayiti.
Your browser doesn’t support HTML5
Kèk èdtan apre, yon gwo responsab nan Chanselri Dominiken an te anonse sou Twitter tou ke yo pran on desizyon migratwa pou yo femen pwogram viza etidyan ke yo te genyen pou elèv ayisyen yo.
Minis Joseph di se malere.
Your browser doesn’t support HTML5
Tcheke repotaj konplè nou sou entèvyou nou ak Minis Claude Joseph nan pwogram Randevou a 4h EST sou www.voanouvel.com, VOAKreyol Facebook epi VOAKreyol Instagram.