Nan Premye Konvèsasyon Telefòn ni ak Abbas, Biden Diskite Sipò pou Asistans Imanitè pou Gaza

Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan Dine Nasyonal Kanpay Dwa Moun nan, Samdi 14 Oktob, 2023 nan Washington.

Prezidan Etazini Joe Biden pale nan telefòn ak Prezidan Palestinyen an Mahmoud Abbas ak Premye Minis Izraelyen an Benjamin Netanyahu. Li lanse lidè yo pou yo pèmèt asistans imanitè rive nan rejyon an epi reafime sipò li pou jefò kap fèt pou pwoteje lavi sivil yo.

Konvèsasyon sa yo fèt pandan wikenn nan, anvan Sekretè Defans Ameriken an Lloyd Austin te anonse Lèzetazini ap deplase yon dezyèm gwoup bato lagè pou apiye Izrael.

Sekretè Deta Antony Blinken entansifye jefò diplomatik li tou, atravè Mwayèn Oryan an pou chache sipò entènasyonal pou yon jefò pou anpeche lagè Izrael-Hamas la pwopaje pi plis.

Blinken te rankontre Minis Afè Etranjè Saoudyen an, Prens Faisal bin Farhan nan Riyadh Samdi, anvan li te fè yon eskal nan Emira Arab Uni.