Messi Gen Posibilite pou l Jwe Match Kont Urugwe jodi a

Messi, riga mai lamba 10, da abokanan wasansa suna murnar kwallonsa ta uku

Antrenè Ajantin an Lionel Scaloni di laprès, ke Sipèsta Ajanten an Lionel Messi ap jwe nan match aswè a apre l li te blese.

Messi te rate 2 dènye match li te gen poul te jwe ak Paris Saint-Germain (PSG) akòz yon pwoblèm jenou.

Yo te panse Sipèsta a tap rate match jodi 12 novanm lan a kont Urugwe, men Scaloni di misye parèt anfòm pou l jwe.

"Messi an bon fòm e si li kenbe fòm li ap jwe" antrenè a di.

Lè Messi te rejwenn ak ekip nasyonal la nan lendi, li te antrene pou kont li, men nan mèkredi li te rejwenn koekipye li yo.

Ekip Scaloni a jwe 25 match san yo pa pèdi e li te ranpòte Copa America a nan Jiyè, apre li kale Brezil 1 a 0 nan final la.