Majistra Nouyok Eric Adams Konparèt Devan Tribinal Federal

Your browser doesn’t support HTML5

Majistra Nouyok Eric Adams konparet devan tribinal federal Manhattan Vandredi kote yo akize l ofisyelman pou krim. Pami krim sa yo genyen ke li te aksepte kontribisyon ilegal pou finanse kanpay li epi vwayaj nan peyi etranje gratis ke etranje ki tap chache pwofite enfliyans li te ba li.