Lidè Kore di Nò a Devwale yon Nouvo Bato Soumaren

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kim Jong Un

Lidè Kore di Nò a Kim Jong Un devwale yon nouvo bato soumaren nan dènye fason pou mete presyon sou Etazini nan moman chita pale nikleyè ap trennen.

Medya leta nò koreyen an pibliye kèk foto madi 23 jiyè 2019 la ki montre kote mesye Kim ap enspekte yon gwo soumaren ki fèk konstwi, e kote lap di bato sa a, se yon soumaren li pral deplwaye anvan lontan nan dlo ki bay sou kot lès peyi li a.

Lidè Kim Jong eksprime gwo satisfaksyon dèske batiman an konstwi ak kapasite pou mete an aplikasyon entansyon militè estratejik pati a nan plizyè sikonstans, dapre ajans nouvèl santral Kore di Nò a.