Krowasi Kale Kanada 4-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la

Krowasyen Andrej Kramaric (mitan) ak Borna Sosa (dezyem a dwat) emosyone apre ekip yo kale Kanada nan Mondyal Foutbol Qatar la, 27 Nov. 2022.

Andrej Kramaric make yon pè gòl pou Krowasi pou kraze rèv Kanada te genyen pou l avanse nan premye Mondyal Foutbòl li depi 36 zan.

Krowasi ranpòte la viktwa 4-1 sou seleksyon nasyonal Kanada a.

Alphonso Davis make premye gòl Kanada janm make nan yon Mondyal Foutbòl kèk segond apre match la te kòmanse. Men patisipasyon Kanada nan tounwa a pral fini Jedi apre match li kont Mawòk.

Lide yo nan Gwoup F la kale Bèljik 2-0 pi bonè nan jounen an.

Marko Livaja ak Lovro Majer make gòl pou Krowasi tou, ki te rive nan final Mondyal ane 2018 la.