KOMOKODA Pral Pwoteste Kont Vizit Prezidan Kenya nan Washington

Your browser doesn’t support HTML5

David Andre, manm gwoup KOMOKODA (Komite Mobilizasyon Kont Diktati nan Peyi d Ayiti) anonse yo pral manifeste kont vizit Ruto a nan Washington. Gwoup la, ki gen baz li nan Brooklyn pral pran lari depi 10 zè di maten devan Lamezonblanch pou montre mekontantman yo vizavi plan pou voye yon fos miltinasyonal an Ayiti. Kenya pral dirije fos sa a. KOMOKODA pral manifeste tou devan Anbasad Kenya nan vil Washington epi Anbasad peyi d Ayiti.