Izrayèl Etann Operasyon Terès li nan Gaza Pandan Wikenn nan

Palestinyen pote dey pou paran ki mouri nan bonbadman Izrayelyen nan Gaza, 30 Oktob, 2023.

Izrayèl etann operasyon teres li nan Gaza pandan wikenn nan kote li fonse antre pi fon nan teritwa Palestinyen an sou 2 bò vil prensipal la.

Pandansetan, Nasyonzuni ak doktè yo lanse avètisman pou di atak ayeryen yo frape tou pre lopital kote plizyè dizèn milye Palestinyen al chache refij ansanm ak plizyè milye moun ki blese.

Yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo montre yon tank Izrayelyen ak yon bouldozè anba lavil Gaza ki bloke antre prensipal otowout ki konekte nò a ak sid la.

Se wout sa a ke lame Izrayelyen an te mande Palestinyen yo pou yo sèvi pou chape ofansiv terès la.

Gen plizyè santèn milye Palestinyen ki rete nan nò a ki paka chape kounyea si wout la bloke paske se sèl wout ki ale nan sid la ke yo kapab sèvi.