Izrayèl Deside Bay Sanskyon Sou Iran yo yon Dènye Chans

Premye minis izrayelyen an Benjamin Netanyahu

Premye minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, deklare li pra l bay sanksyon entènasyonal kont Iran yo yon chans pou bay rezilta .

Li fè konnen li pap planifye okenn atak sou enstalasyon nikleyè iranyen nan jou ak semèn k ap vini la yo .

Premye minis Benjamin Netanyahu pale konsa sou televizyon nan Izraèl kote li di ankò li prefere yon solisyon pasifik nan pwoblèm nan , men li ensiste pou di , peyi l pap pèmèt Iran gen zam nikleyè.