Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Lejislatif nan Peyi Iran


Eleksyon Lejislatif nan Peyi Iran
Eleksyon Lejislatif nan Peyi Iran

Nan Iran, biwodvòt yo ouvè vandredi 2 mas 2012 la pou elektè yo vote nan yon eleksyon lejislatif obsèvatè yo konsidere kòm yon tès ant konsèvatè ki apiye gouvènman Prezidan Makmoud Ahmadinejad la ak konsèvatè ki pa dakò ak rejim nan.

Pa tèlman genyen anpil iranyen refòmis pami 3 mil 400 kandida ki prale dèyè yon plas nan palman an ki genyen 290 manm.

Gouvènman konsèvatè iranyen an ak lidè relijye yo lanse yon operasoyn sere-boulon kont refòmatè yo depi yo te mete sou pye yon mouvman manifestasyon pou pwoteste kont re-eleksyon misye Amhadinejad nan ane 2009.

XS
SM
MD
LG