Ghana Pral nan Mondyal la San 2 Pi Bon Gadyen li yo

Foto Achiv: Jojo Wollacott - gadyen seleksyon nasyonal Ghana.

Ghana oblije kite 2 pi bon gadyen bi li yo lakay - yo papral jwe nan Mondyal la akoz yo blese.

Premye chwa seleksyon nasyonal la, Jojo Wollacott kase yon dwet pandan yon antrenman anvan match ak ekip Britanik Charlton Athletic. Dezyem chwa a limenm Richard Ofori blese nan jenou.

Savledi Ghana oblije chache pami jwe rezev li yo pou konble vid la.

Lawrence Ati-Zigi pwobableman pral gadyen ekip la nan premye match li nan Mondyal la.

Gen 2 lot gadyen ekip la nomen, a savwa: Abdul Manaf Nurudeen, epi Ibrahim Danlad ki gen 19 an.

Manaf Nuradeen deja jwe ak ekip la men Danlad limenm poko janm jwe ak seleksyon nasyonal la.