Ensekirite Ann Ayiti Taka Debouche Sou Yon Ge Sivil, Lide G9 la Di VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Lide Gang G9 la Di Vid Pouvwa a Ann Ayiti Lakoz Ogmantasyon nan Kidnapping

Nan yon entevyou ak Vwadlamerik, Jimmy Cherizier, alyas Babeque, lanse avetisman pou di sityasyon ensekirite a ann Ayiti taka debouche sou yon ge sivil.

Cherizier, yon ansyen ofisye Fos Polis Nasyonal la, ke Depatman trezo Etazuni sible an 2020 kom moun kap komet abi dwa moun grav, gen repitasyon kom youn nan lide gang ki gen plis enfluyans ann Ayiti.

Yvon Vilnius nan Potoprens kontribye a repotaj sa a