Donald Trump Deklare Netanyahu 'Desevwa Nou'

Ex-Prezidan Donald Trump pwononse yon diskou nan West Palm Beach, Florid, 11 Oktob 2023.

Ansyen Prezdian Etazini Donald Trump akize Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu dèske li te trayi li yon ti tan sèlman anvan Etazini te touye yon jeneral wo plase Iranyen an 2020.

Se yon gwo eka ak apui Trump, kap postile pou prezidans Etazini an 2024, konn eksprime san gade dèyè pou Izrael lè lap reponn atak Hamas yo.

Trump fè komantè a pandan yon miting politik nan Florid, Mèkredi. Youn nan alye Netanyahu yo ak plizyè Repibliken ki opoze Trump te kouri vit denonse li.

Trump deklare Izrael te rale kò li soti nan antant ki te fèt pou l ede Etazini ak atak ayeryen ki te dewoule an 2020 e ki te touye yon jeneral Iranyen - lavèy atak la.

Trump di Netanyahu "desevwa nou".

Yon manm pati Likud Netanyahu a akize Trump dèske lap pwopaje pwopagann e li di Izraelyen yo "pa bezwen okipe misye."