Accessibility links

Breaking News

22 Sitwayen Ameriken Mouri nan Lagè Izrael-Hamas la


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Jaden Woz Lamezonblanch la nan Washington, 11 Oktob, 2023.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Jaden Woz Lamezonblanch la nan Washington, 11 Oktob, 2023.

Depatman Deta konfime kantite sitwayen Ameriken ki mouri nan lagè Izrael-Hamas la ogmante a 22.

Se yon ogmantasyon 14 konparativman ak kantite yo te konfime ki te mouri madi.

Sitwayen Ameriken pami 150 otaj Hamas kaptire yo tou pandan atak li kont Izrael pandan wikèn nan ki fè tout moun sezi. Dapre otorite yo gen omwens 2,200 ki mouri sou tou le 2 bo yo.

Prezidan Joe Biden ap chache lye atak yo ak plizyè dizèn lane zak vyolans kont juif yo toupatou nan mond lan. Biden pral rankontre lidè Juif yo pi ta Mèkredi.

XS
SM
MD
LG