Blinken Pral Tounen Israel Apre Vizit li nan Plizyè Peyi Arab

Sekrete Deta Antony Blinken (a goch) rankontre Prezidan Ejipsyen Abdel Fattah El-Sisi nan vil Ker, Ejipt, 15 Oktob, 2023.

Sekretè Deta Antony Blinken pral tounen Israel semèn sa a apre li fè yon vizit rapid nan 6 peyi Arab pou eseye anpeche lagè Izrael-Hamas la deklanche yon konfli rejyonal pi laj.

Se pral dezyèm vizit li an Izrael nan 5 jou.

Depatman Deta a anonse plan Blinken genyen pou l vizite Izrael Lendi, apre diplomat pi wo plase Etazini an te rive nan vil Kèr pou fè chita tande ak Prezidan Ejipsyen Abdel Fattah al-Sisi.

Sete dènye pami rankont Blinken fè ak lidè Arab yo, nan moman gen gwo kè sote dèske ofansiv terès Izrael ap planifye nan Gaza a takapab deklanche yon konfli pi laj ki pral gen konsekans imanitè devastan.