Blinken di Gen 'Pwogrè' ki Fèt Vizavi Kreyasyon yon Fòs Mentyen Lapè an Ayiti

Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken pandan yon konferans pou lapres nan Queensland Government House, nan vil Brisbane, Ostrali, 29 Jiye, 2023.

Sekretè Deta Ameriken Antony BLinken deklare Samdi gen pwogrè ki fèt pou enstale yon fòs mentyen lapè miltinasyonal pou mentni lapè an Ayiti.

"Nou detèmine pou mete an plas tout sa ki nesesè pou kreye yon fòs miltinasyonal, e notaman jwenn yon peyi ki dakò pou dirije fòs la," Blinken deklare.

Li ajoute: "Mwen espere ke byento nap kapab fè pwogrè nan domèn sa a."

Gang kontwole anviron 80% kapital la, Pòtoprens, kote krim vyolan ogmante, ansanm ak kidnaping pou ranson, vòl ak zam epi detounman otomobil.

Fòs sekirite Ayisyèn yo pa gen kapasite pou jere ensekirite a. Sekretè Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres, ak premye minis Ayisyen an, lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou l voye yon fòs entèvansyon entènasyonal nan peyi a pou apiye lapolis.

Guterres mande pou yo voye yon fòs ki pa yon fòs LONU, men Konsèy Sekirite a mande l pou l prezante anvan mitan mwad Out la, yon rapò sou tout opsyon posib, y konpri yon misyon ke LONU ta dirije.

Semèn sa a Etazini pase lòd bay pèsonèl ki pa esansyèl li an Ayiti ak fanmi fonksyonè sa yo pou yo pati kite Ayiti pi vit posib.

Etazini dekonseye depi plizyè mwa pou sitwayen Ameriken vwayaje an Ayiti akoz gwo risk ki poze pou anlèvman, kriminalite ak twoup sivil.

Avi vwayaj la, ke Depatman Deta renouvle regilyèman nan nivo 4 pou Ayiti ki se nivo pi wo a akoz risk ki poze pou lavi sitwayen Ameriken.

Pèsonèl anbasad Amerikèn nan ap viv anba mezi sekirite drakonyèn, yo konfine a yon zòn rezidansyèl pwoteje e yo resevwa pinga pou yo pa sikile a pye nan kapital la, ni itilize transpò piblik ak taksi.