Bitez Chinwaz Wang Taka Jwe Defans nan Mondyal Feminen an, Dapre Antrenè a

Wang Shanshan (a goch) jwez seleksyon nasyonal Lachin, bay yon kout tet pandan match kont Taiwan nan, nan vil Sydney, Ostrali, 10 Fevriye 2020.

Lachin taka bezwen jwenn yon lòt fason pou make gòl nan Mondyal Foutbòl Feminen an ane sa a apre antrenè seleksyon nasyonal Chinwaz la, Sui Qingxia te revele li taka sèvi ak jwèz Wang Shanshan - ki gen abitid make gòl kou loko - pou ranfòse kè defans ekip la.

Kapitèn Wang, ki te make otan ke 9 gòl antanke sibstiti nan dezyèm mitan yon match, sanble pral ranplase Wang Xiaoxue ki konn jwe nan pozisyon defansè mitan teren an men ki paka jwe kounyea akoz li sot sibi yon operasyon nan jenou nan komansman mwa d Avril la.

Antrenè Shui di: "Wang Shanshan se yon bon chwa pou defann avant sant ak alye yo Ewopeyen yo ki gen fòs epi yo rapid. Nou pral eseye."

Foto Achiv: Chinwaz Wang Shanshan (a goch) pandan match seleksyon an kont Taiwan, nan match kalifikasyon yo nan vil Sidney, Ostrali, 10 Fevriye 2020.

Wang Shanshan make 55 gòl e li jwe nan 146 match pou Lachin.

Antrenè a ajoute: "Fok nou gen ranfò pou pozisyon sa a, kidonk, mwen paka ekate posibilite pou li jwe nan pozisyon defansè a."

Lachin, ki fini dezyèm nan Mondyal 1999 la, ap jwe nan Gwoup D a - ansanm ak Angletè, Ayiti ak Danmark nan Mondyal 2023 a.

Mondyal la pral dewoule ant 20 Jiyè ak 20 Out nan peyi Ostrali ak La Nouvèl Zeland.

Seleksyon nasyonal Lachin nan gen ti non jwèt "Woz Asye yo" e li rive nan final Mondyal la 7 fwa deja. An 1995 Lachin te fini 4èm epi li te rive nan gwoup dè 16 la nan Mondyal ki te dewoule nan La Frans an 2019.

Nan mwad Fevriye ane pase a, seleksyon nasyonal Chinwaz la te kraze rekò epi genyen chanpyona Koup Azi a nan mwad Fevriye 2022.