Biden Mande Konsèy Sekirite LONU Pou l Apwouve Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a 'Tou Suit'

Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.

Pandan diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzuni an, Prezidan Etazini Joe Biden te pale sou Ayiti.

Li deklare li byen akeyi volonte kèk peyi demontre pou pran devan, dirije yon fason nouvo epi chache solisyon pou pwoblèm pi difisil yo:

"Pa egzanp pa rapò ak Ayiti kominote Karayibeyèn nan ap fasilite yon diyalòg ak sosyete sivil Ayisyèn nan. Mwen remesye Prezidan Kenya a Ruto pou volonte li pou l dirije yon yon fòs ke LONU apiye pou Ayiti."

Your browser doesn’t support HTML5

Biden Mande Konsèy Sekirite LONU an pou l Apwouve Fos Militinasyonal pou Ayiti a 'Tou Suit'

Biden te gen yon mesaj presi pou Konsey Sekirite LONU an, ki gen pou reyuni semèn pwochèn pou diskite sou Ayiti:

"Mwen lanse apèl bay Konsèy Sekirite a poul otorize misyon sa a kounyela a. Pèp Ayisyen an paka tann pi lontan. "