Ayiti-Sekirite: Kout Zam Ta Sanble Marye nan Latibonit ant yon Gwoup Bandi ak Lapolis

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lapolis ki rete yon nonm pandan yon manifestasyon nan Pòtoprens. REUTERS/Andres Martinez Casares

Nouvèl yo rapòte te gen boukantay kout za m nan Latibonit ant nèg ame ki anba kontwòl Arnel Joseph ak fòs de lòd yo. Selon medya yo ta gen plizyè blese nan kan nèg ame yopami yo Arnel Joseph ki ta blese nan pye.

Lapolis gen lontan depi y ap chache chèf gang ame a Arnel Joseph pou za k li ta komèt nan yon bidonvil nan kapital la.

Fenomèn ensekirite kontinye bay anpil moun ann Ayiti gwo kè sote kote bandi yo ap fè lachas o polisye ki se prensipal sib yo san konte popilasyon sivil la --ki ozabwa anba atak nèg ame --e ki li menm konte sou PNH la ki se sèl enstitisyon ki la pou ganranti sekirite yo.

Lendi 10 jen 2019 la, nèg ame moun pa rive idantifye asasine jounalis Petion Rospide ki ta pral lakay li nan aprè midi apre li te fin fè yon emisyon radyo.