Se Ayisyen Ki Dwe Rezoud Pwoblem Ayiti, Dapre Responsab Depatman d'Eta Brian Nichols

Asistan Sekrete Deta pou Zafe Emisfe Oksidantal yo Brian Nichols pale pandan yon konferans de pres nan Anbasad Ameriken Potoprens, 1 Oct. 2021.

Se Ayisyen ki ta dwe rezoud pwoblem Ayiti, dapre Sekrete d'Eta Adjwen Ameriken pou zafe Emisfe Oksidantal yo. Brian Nichols fe deklarasyon sa a pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens jodia.

"Pa gen okenn solisyon k'ap bay rezilta pou Ayiti si se yon peyi etranje ki enpoze'l," Misye Nichols deklare. " Se pep Ayisyen an ak vizyon yo pou peyi a selman ki ka rezoud pwoblem peyi a. "

Responsab Ameriken an ajoute ke Etazuni pare pou'l apiye pep Ayisyen an pou fe travay sa a e reyalize rev li.

Misye Nichols fe pati yon delegasyon wo nivo Etazuni ki gen ladann tou Juan Gonzalez, Asistan Espesyal Prezidan Biden ak Direkte Wo Plase Konsey Nasyonal Sekirite a pou Zafe Emisfe Oksidantal yo.

Yo ann Ayiti depi Jedi pou diskite sou kriz politik la, eleksyon, migran Etazunui depote yo epi pandemi COVID 19 la.

Responsab wo plase ameriken Brian Nichols ak Juan Gonzalez pandan yon rankont ak responsab pati politik yo nan Potoprens, 30 Sept. 2021.


Sekrete Nichols dekri kom "konstruktif" rankont li ye swa ak premye minis Ariel Henry.

"Nou ankouraje'l pousuiv yon pwosesus olistik ak konsansyel vizavi avni peyi d'Ayiti. Etazuni pap chwazi gayan ak pedan paske avni peyi d'Ayiti depann de pep la limenm," Misye Nichols deklare.

Sou kestyon migran Ayisyen Etazuni depote yo e ki soulve anpil pale anpil toupatou nan mond lan, Juan Gonzalez dekouraje migran Ayisyen yo eseye chankre Ozetazuni ilegalman.

"Kestyon migrasyon an se yon defi rejyonal - e se yon bagay ke - san konsidere imaj nou we nan televizyon - Lezetazuni ap travay ak Meksik epi lot patne nou yo nan rejyon an pou fe avanse yon sistem imigrasyon ki non selman sevi ak aplikasyon pou lwa yo men tou ki tabli kek pwosesus legal ki ka pemet yo jwenn azil.

Misye Gonzalez te gen yon mesaj tou pou migran yo.

"Sa'm ta renmen di migran yo se pa riske lavi'w pou migre Ozetazuni kounyea. Danje a two seve e Lezetazuni pran angajman pou travay ak pep Ayisyen an pou apiye yo nan moman y'ap travay pou retabli pwosperite ak sekirite lakay yo.

Misye Gonzalez fe remake ke Sekrete Nichols se yon diplomat ki chaje eksperyans e ki byen respekte e ke se premye vizit lap fe nan peyi d'Ayiti.

"Vizit li nan peyi d'Ayiti se yon mesaj administrasyon Biden nan vle fe pase pou di ke Etazuni pap abandone pep Ayisyen an," Misye Gonzalez deklare.

Wilner Bossou kontribye a repotaj sa a depi Potoprens