Ansyen Prezidan Peyi Soudan an, Omar al-Bashir, Fèmen nan Prizon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto ansyen prezidan peyi Soudan an, Omar al-Bashir, ke lame peyi fèmen nan prizon. Agoch, yon pick up plen ak moun kap selebre depa prezian a Omar al-Bashir sou pouvwa a nan Soudan.

Ansyen prezidan peyi Soudan Omar al-Bashir fèmen nan prizon nan kapital-la, 5 jou apre lame-a te wete-l nan pouvwa-a e mete-l an rezidans siveye.

Fanmi prezidan dechi-a fè konnen yo deplase al-Bashir, ki gen 75 lane, pou mete-l nan yon prizon nan kapital-la yè madi-a e ke li anba gwo sekirite

Moun pa wè-l an piblik depi lame-a te ranvèse-l nan yon kou deta jedi pase apre plizyè mwa manifestasyon nan lari, sa-k te lakoz pri manje ak gaz moute disèt wotè.