Accessibility links

Breaking News

Afrik: Prezidan Soudan an, Omar al-Bashir bay demisyon l


Prezidan Soudan an, Omar al-Bashir. Foto: REUTERS/Mohamed Nureldin Abdallah/File, 5 avril 2019.
Prezidan Soudan an, Omar al-Bashir. Foto: REUTERS/Mohamed Nureldin Abdallah/File, 5 avril 2019.

Prezidan Soudan an, Omar al-Bashir bay demisyonn apre prèske 4 mwa manifestasyon kont 30 tan gouvènman gwo ponyèt li a.

Ajans nouvel Associated Press ak Reuters di yo aprann dapre kek sous gouvènman Omar al Bashir, ki gen 75 zan ,bay demisyonn e yo mete l an rezidans suveye. Sous yo di tou gen konsiltasyon ki sou pye pou fòme yon konsèy tranzisyon.

XS
SM
MD
LG