32 Segond Apremidi 12 Janvye a Chanje Lavi Reskape Patricia Rameau Lamothe Net

32 segond (dure tranbleman de te a) pa anpil men li te sanble yon eternite pou Patricia Rameau Lamothe, direktris jaden d'anfan "Jardin Fleury de Yolaine" nan Turgeau. Madan Lamothe te nan apatman ni nan konpleks lekol la, le sekous la te frape e li te kouri al chache manman ni ak pitit gason ni, Patrice Nicolas ki gen 7 an edmi epi yo te soti deyo pa pe pou kay la pal efondre. Apre tou, nan 2 pa twa mouvman li te we yon mach eskalye kraze an miyet mosso devan je li. Se te komansman yon jounen ki tapral chanje lavi li konpletman.

Met sou panik ak ke sote tranbleman de te a te koze, Patricia ak fanmi ni te fe fas pa lontan apre sa, ak bwi ki tap kouri kom kwa yon tsunami tapral frape Ayiti. Pandan li tap mache, mamzel te diskite sou plan yo tapral egzekute nan yon sikonstans kote yon gwo vag lanme ta anvayi peyi a. Eske yo tap viv pou we soley leve?

Apre souflet katastwof la, lavi Patricia te konsantre nan lakou jaden d'anfan an kote li te domi ansanm ak fanmi ni epi pataje ti plat manje. Yo te mete menm rad 2 ou twa jou pou pa fe gaspiyaj, yo te vini ak yon plan pou fe bezwen yo puiske pat gen twalet.

Apre plis pase yon semenn yon lavi "en eta'd survie" Patricia (ki se yon sitwayen Ameriken) ak pitit gason ni t'al fe la keu nan ayeropo entenasyonal Potoprens la pou eseye jwenn yon plas abo avyon milite Etazuni te dispoze pou transpote sitwayen li yo soti Ayiti. 8:30 du maten, yo te deja kanpe ap fe la keu men se a 10:30 du swa selman yo te resi monte abo avyon an. Tout tan sa a yo te pase kanpe nan chale soley la e pi ta yo te pase 2 ze'd tan kanpe sou pis aterisaj la anvan yo jwenn feu vet pou yo monte nan avyon an.

Patricia di se pou pitit gason ni, Patrice Nicolas ke'l deside vinn Ozetazuni. Ti Patrice te fe fas ak katastwof la ak anpil kouraj, li te mache anil jou sa a men li pat janm plenyen pou di li bouke oubyen li grangou. Manman ni te tre fye de li.

Kounyea, yap viv kay yon kouzin nan Pembroke Pines, andeyo Miami. Patricia di Patrice komanse demontre kek siy gwo chok li sot subi a epi paket chanjman ki fet nan stil lavi li. Men kanmenm, Patricia gen espwa tounen Ayiti nan yon avni ki pa two lwen. Kanta pou si'l kwe li pare pou reprann lavi du sa a li sot kite deye nan peyi D'Ayiti, Patricia deklare:
"Nou paka di ke nou pral pare men il fo ke nou pare, paske nou paka kite peyi nou konsa... Il fo ke nou remete nou o travay."