Accessibility links

Breaking News

Reskape Anabele Brandt Pa Vle Viv Yon Lot Tranbleman'd Te


Apremidi 12 Janvye 2010 la te komanse nomalman pou Anabele Brandt, ki gen 11 zan. Le soukous 7.0 a frape, li te nan yon machin ansanm ak papa li - yo te fek sot fe acha nan supemamche Olympique, nan Petion Ville. Le machin nan te pran souke, li te konprann ke yon lot chofe te frape machin pa li -- men tou suit apre sa, li te tande moun ap kriye, rele, epi kouri nan mitan lari. Papa li te kenbe men'l pou konsole'l, telman li te pe - li te konprann le mond tap pran fen!

Le Anabele rive lakay li, nan Petion Ville, li te jwenn se li ap kriye akoz ke sote li te genyen pou manman ni ki pat nan kay la nan moman tranbleman'd te a frape. Sa te pran kek he'd tan anvan manman li te rive sen e sof.

2 semen pi ta, Anabele te pran wout Republik Dominikenn ansanm ak manman'l, se li epi kek kouzen ak kouzin. Kounyea, lap viv nan Boca Raton, nan eta Florid.

Anabele enskii kounyea nan yon lekol Ameriken, e li di malgre gwo diferans ki genyen ant lekol sa a ak lekol li Anayiti, timoun yo janti ave'l. Yo poze'l kestyon sou tranbleman'd te a e sou Ayiti. Sepandan, mamzel konn rete li santi'l tris paske li di Ayiti gen pi bon fet, e li sonje zanmi li kite deye yo. Le la perez konn pran'l, oubyen li santi'l tris, li pale ak kouzin ni yo ki suviv tranbleman'd te a tou, e kap viv nan menm kay ave'l.

"Mwen renmen Ayiti, men'm pa vle tounen," Anabele deklare. Li di li pe pou yon lot soukous pa frape anko.

XS
SM
MD
LG