Soti 24 fevriye pou rive 2 mas 2025, Medsen San Fwontyè akeyi 314 pasyan nan sant ijans ki sou Tijo a.
90 nan pasyan sa yo, se viktim dirèk de gwo debloyay ak ogmantasyon zak vyolans yo nan Pòtoprens, selon òganizasyon imanitè ki pwofite fè yon apèl solidarite pou Ayiti.
Sant Taba a ki te gen 50 kabann pou moun ki viktim twoma, gen kounya 75 kabann. Depi anviwon 10 jou Lopital la plen kou ze ak malad.
Medsen San Fwontyè bay swen oubyen trete twa fwa plis moun, jan li te konn fè an mwayèn !
Christophe Garnier, ki se chèf misyon MSF an Ayiti fè konnen "Nivo kriz la pran la, depase kapasite repons MSF". Imanitè a ki t ap pale ak Europa Press ajoute, si pa gen yon "aksyon ijan" ki pran, "sitiyasyon an ka dejenere an kastastwòf imanitè".
N ap fè sonje, zak vyolans yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, fòse plis pase 42 mil moun kouri kite lakay yo, selon yon bilan OIM pibliye jedi 6 mas 2024 la