Sendomeng Deklare 26 Gang peyi Dayiti nan òganizasyon Teworis

Foto Achiv: Prezidan Repiblik Dominikenn Luis Abinader nan Bruksel, Beljik, 18 Jiye, 2023.

Gouvènman dominiken an revele non 26 gang nan peyi Dayiti li twouve ki nan òganizasyon teworis, madi 4 mas 2025 lan.

Lis sila a gen ladann gang: Dèlma 6, 5 segond, Kraze barye, 400 Mawozo, Granravin, Taliban/Kanaran, Baz Gran Grif/Gang Savyen, Kokorat San Ras, Anwo Bèlè/Ajanten, Belekou, Ti Bwa, Krache Dife, Chabon, Waf Jeremi, Gang Pyè VI, Simon Pele, Nan Boston, Baz Pilat, Chen Mechan, Fò Dimanch, Gang Tokyo, Chansrèl, Kafou Dwouya, Tè Nwa, Bouklin ak Maryani.

Daprè peyi Vwazen an, gwoup sa yo kapab reprezante risk ak menas pou Sendomeng.

Gouvènman dominiken an deklare ajans sekirite leta a ak ransèyman yo gen misyon pran tout mezi nesesè pou anpeche gwoup sa yo pile teritwa pa yo epi nwi enterè dominiken nan peyi etranje.