Atak nan Latibonit : Polisye kenyan an mouri kite yon madanm ak 2 pitit

Samuel Tompei Kaetuai

Samuel Tompei Kaetuai

Samuel Tompei Kaetuai, se non polisye kenyan ki te tonbe anba bal gwoup nèg ak zam nan yon operasyon fòs lòd yo t ap mennen nan depatman Latibonit.

Samuel Kaetuai mouri kite madanm li, Naomi Kaetuai, ak 2 pitit.

Naomi dekri mari l kòm yon moun ki janti, ki atansyone e ki travay di pou fanmi l pa manke anyen.

Manman ak papa Samuel ki aprann nouvèl lanmò pitit yo a nan lendi 24 fevriye 2025 la, mande gouvènman kenyan an pou li transpòte kò Samuel tounen Kenya pou yo ka chante antèman l.

Samuel Kaetuai, ki soti nan lokalite Naserian, peyi Kenya, fè pati premye kontenjan polisye kenyan ki te debake ann Ayiti pou rejwenn misyon miltinasyonal la, nan lide pou ede Polis Nasyonal Ayiti a goumen kont gwoup gang yo.

8 mwa apre deplwaman li ann Ayiti, polisye kenyan an mouri anba bal bandi nan lokalite Segur, zòn Savien.

Anbasad Etazini ak anpil lòt sektè prezante kondoleyans bay fanmi viktim nan ak fòs miltinasyonal la.