Ayiti: Lapolis Deplwaye nan Katye Solino pou "Repouse" Bandi Yo

TOPSHOT - Families take to the streets to escape the gangs in Solino, a neighborhood of Port-au-Prince, Haiti, January 18, 2024.

Plizyè inite nan Polis Nasyonal Ayiti deplwaye nan Solino pou tante repouse gwoup nèg ak zam ki ap fòse antre nan katye popilè sa.

Depi 17 oktòb katouch ap fè kenken nan katye Solino kote nèg ak zam ap chache anvayi zòn nan.

Gwo kout zam ki rezonnen jis nan katye tou prè yo, tankou Chris-Roi, Lalue, Turgeau e latriye, fòse plizyè abitan kouri kite Solino pou chape pou l yo.

Nan lide pou pote popilasyon an sekou, PNH la ak fòs miltinasyonal la mennen yon operasyon gwo ponyèt nan katye popilè a.

Selon sa sèvis kominikasyon PNH la fè konnen, fòs lòd yo "repouse malfra yo" epi pran kontwòl plizyè katye nan anviwon an.

Zòn "Saint-Michel, Paul Lauchard, Sylvio Cator, Anglade, koridò Bastia" anba kontwòl la polis, selon kominike PNH la.

Pi lwen, lapolis fè konne y ap kontinye operasyon yo pou rive kwape bandi yo.

Pou fini, lapolis renouvle angajman l pou kontinye goumen kont bandi epi retabli lòd nan peyi a