Sena Meksiken Apwouve yon Refòm nan Sektè Elektrisite a

Protesters break into a Senate session in which lawmakers were debating the government's proposed judicial reform, which would make judges stand for election, in Mexico City, Sept. 10, 2024.

Majorite ki nan pouvwa a nan Sena Meksiken an apwouve bonè jedi maten yon refòm konstitisyonèl ki ranfòse kontwòl Leta sou sektè enèji a, espesyalman elektrisite.

Youn nan chanjman yo se pou fè Komisyon Federal Elektrisite (CFE) ak konpayi petwòl nasyonal Pemex tounen "antrepriz piblik" olye yo "antrepriz pwodiktif" ki nan konpetisyon ak konpayi prive yo.

Amandman sa a, ansyen prezidan Andrés Manuel López Obrador t ap pouse, te jwenn 86 vòt pou, 39 kont, ak yon abstansyon, dapre kò lejislatif la.

Apre sa li te jwenn apwobasyon depite yo semenn pase a, refòm konstitisyonèl la dwe kounye a apwouve pa omwen 17 nan 32 kongrè eta yo ki konpoze peyi a, kote pifò sou kontwòl pati Morena ki sou pouvwa a.

Chanjman nan twa atik sa yo nan Konstitisyon an vize "bay pèp Meksiken an elektrisite ak sèvis Entènèt nan pri ki pi ba posib," dapre sa Sena a te presize nan yon deklarasyon.

Youn nan pwen yo etabli si antrepriz piblik la jenere plis pase 50% nan enèji sou mache a, li pap konsidere kòm yon monopòl.

Refòm sa a, ki jwenn sipò prezidan Claudia Sheinbaum, ki soti nan Morena tou, retounen yon ti kras sou amandman konstitisyonèl yo te fè an 1992 ak 2013 ki te louvri sektè a pou kapital prive.

Pou senatris patizan gouvènman Laura Itzel Castillo, refòm sa yo "se yon avanse solid" pou rekipere souverènte peyi a nan kesyon enèji.

Dapre Imelda Sanmiguel, ki soti nan pati konsèvatè a, Aksyon Nasyonal, refòm sa a vize "enpoze" bay sitwayen yo defisi fonksyonman CFE ak Pemex.

Refòm sa a te prezante pa López Obrador nan mwa fevriye, nan yon moman kote Morena pa t gen de tyè vòt nan Kongrè federal la pou adopte li.

Men, pati ki nan pouvwa a te genyen eleksyon jeneral 2 jen an, e, ak alye li yo, te reyisi avanse lòt refòm konstitisyonèl, ki gen ladann refòm sistèm jidisyè a, ki prevwa eleksyon jij ak majistra nan vòt inivèsèl.