Accessibility links

Breaking News

Bilan Migran ki Mouri sou Fwontyè Etazini Ogmante Anpil


Foto Achiv: Machin Gad Fwontye Etazini mennen operasyon nan zon yon miray ki separe fwontye Etazini ak Meksik nan Sunland Park, Nouvo Meksik, 22 Out, 2024.
Foto Achiv: Machin Gad Fwontye Etazini mennen operasyon nan zon yon miray ki separe fwontye Etazini ak Meksik nan Sunland Park, Nouvo Meksik, 22 Out, 2024.

Otorite Nouvo Meksik yo ap redi pou jere pakèt migran kap mouri nan zon fwontyè eta a. Otorite yo jwen plis pase 100 kadav moun nan premye 8 mwa ane a.

Yo te dekouvri anpil nan moun sa a yon distans kek kilomèt ak El Paso, Texas.

Bilan sa a 10 fwa plis pase kandite ka lanmo migran yo te rapote sa gen 5 an desa.

Biwo Ankete Medikal la fè otopsi pou Nouvo Meksik. Biwo a anplwaye kèk lot ankete pou fè fas ak ogmantasyon an.

Done yo anrejistre ogmante anpil akoz kontrebandye yo ap voye migran yo nan zon eta a kote ki gen anpil morn epi gwo chalè.

XS
SM
MD
LG