Biden Ale Berlin nan yon Moman Kle pou Lagè Ikrèn nan

Biden

Yon vwayaj transatlantik k ap dire yon jou, nan mitan kanpay elektoral ameriken: vizit Joe Biden ap fè Berlin soulinye enpòtans lyen ak alye Ewopeyen fidèl yo, prezidan an ap mande pou yo rete mobilize pou ede Ikrèn.

Eleksyon prezidansyèl 5 novanm nan Etazini ka pote gwo chanjman si kandida repibliken an Donald Trump genyen, sa ki kèk moun kè sote chanjman ki ka geyhen nan sipò militè ameriken pou Kiev .

Ikrèn pral nan mitan diskisyon ant Joe Biden ak responsab alman yo nan yon moman kote bombadman ris sou enfrastrikti esansyèl yo ap ogmante, e kote lame li ap fè bak sou fwontyè lès la.

Joe Biden ap fè tou yon reyinyon ak tokay ewopeyen li yo , prezidan fransè Emmanuel Macron, chanselye alman an, Olaf Scholz, ak premye minis britanik la, Keir Starmer, dapre kalandriye vizit Mezon Blanch te pibliye.

Vizit la fèt pandan prezidan Biden te anonse yon nouvo èd ameriken pou Ikrèn ki se 425 milyon dola pandan yon apèl telefòn madi ak prezidan Volodymyr Zelensky. Demokrat la te fè konnen li te ranvwaye vizit li nan Almay yon semenn pase akòz siklòn Milton. Men, li pa t vle renonse a vizit sa a, menm si li te redui l a yon sèl jou.

Pou Mezon Blanch, rankont apa ant prezidan ameriken an ak Olaf Scholz ap pèmèt "ranfòse lyen sere" ant de peyi yo ak "kowòdone sou priyorite jeyopolitik yo, espesyalman defans Ikrèn kont agresyon ris la ak evènman nan Mwayen Oryan yo."