Lajistis New York Kondane Ansyen Chèf Antidwòg Meksiken pou Trafik Dwòg

FILE - Mexico's Genaro Garcia Luna speaks during a ceremony to designate June 2 as Federal Police Day in Mexico City, June 2, 2011.

Lajistis ameriken kondane Mèkredi 16 oktòb la Ansyen chèf lit antidwòg Meksik la Genaro Garcia Luna pou l pase plis 38 lane nan prizon pou trafik dwòg ak koripsyon, pou lyen li ak katèl toupisan Sinaloa.

Ansyen minis 56 zan, ki te deklare koupab an fevriye 2023 e ki te nan prizon nan New York, te kondane pou l al pase "460 mwa nan prizon ak peye yon amann 2 milyon dola" paske li te konn bay kout men ak danjre katèl Meksiken an pandan tout yon deseni "an echanj plizyè milyon dola lajan anba tab,” dapre sa biwo pwokirè federal la te anonse nan Brooklyn.

Li se pi gwo ofisyèl Meksiken ki te jije pa jistis Ameriken an, nan lagè kont katèl dwòg yo nan Amerik Santral ak Amerik di Sid ki pwofite konplisite minis lokal yo pou inonde mache Amerik di Nò.

Plizyè bawon nan katèl Sinaloa nan prizon kounye a nan peyi Etazini.

Pwokirè federal Breon Peace te deklare

"Santans prizon nou bay Genaro Garcia Luna jodi a se yon mezi ki chita sou jistis ak lalwa.

Li trayi konfyans opinyon piblik la ak moun li te sèmante pou pwoteje yo. Sa a ki vin bay kòm konsekans enpòtasyon plis pase yon milyon kilogram dwòg mòtèl nan peyi nou, ak vyolans pa bò isit tankou nan Meksik,”

Majistra youn nan pakè ki pi enpòtan nan peyi Etazini nan zafè represyon nan trafik dwòg entènasyonal te ensiste pou l di "Apre plizyè ane nan trafik dwòg ak kout maltaye, Garcia Luna pral pase prèske 40 lane kote plas li ye: nan yon prizon federal."