Accessibility links

Breaking News

Houston: Yon Ofisye Retrete Pran 60 Lane Prizon pou Lanmò yon Koup


A police officer secures guns to be transported in the back of a truck during a gun buyback program in Houston, Texas, Feb. 18, 2023.
A police officer secures guns to be transported in the back of a truck during a gun buyback program in Houston, Texas, Feb. 18, 2023.

HOUSTON (AP) — Yo mete yon ansyen ofisye polisye Houston nan prizon pou lanmò yon koup marye pandan yon operasyon dwòg.

Yon jiri te kondane Gerald Goines pou l pase 60 lane nan prizon Madi apre yo te jwenn li koupab paske l te touye Dennis Tuttle ak madanm li, Rhogena Nicholas.

Yon ankèt sou operasyon janvye 2019 la revele koripsyon jeneralize nan inite anti dwòg polis Houston lan. Lajistis te di Goines te bay manti pou l te jwenn yon manda pèkizisyon yo te fè kwè koup la se dilè dwòg danjere.

Avoka Goines yo te admèt li te bay manti, men li pa t touye ankenn moun. Yo te fè rekou pou desizyon sa.

XS
SM
MD
LG