2 Lous Panda Ki Soti Lachin Rive Washington

A FedEx cargo jet transporting two giant pandas from China lands at Dulles airport in Virginia, Oct. 15, 2024.

Yon pè panda ki soti Lachin rive Washington Madi 15 oktòb la, nan ayewopò entènasyonal kapital Ameriken an.

Pè panda yo soti nan pwovens Chinwa ki rele Sichuan, gason an rele Bao Li e fi a rele Qing Bao - yo tou 2 gen twazan.

Se Peken ki voye 2 panda yo bay Washington. Yo konsidere tankou yon mesaj diplomatik senbolik.

2 mamifè yo te vwayaje nan yon avyon kago espesyal ki te rele "Panda Express".

Yo te mete yo chak nan pwòp kaj pa yo ak kòm manje: anpil kawòt ak banbou pou vwayaj la.

Vwayaj yo te fèt sou siveyans kontwòl veterinè ak yon ekip moun ki te soti Washington.