Accessibility links

Breaking News

Gwo Lous Panda Chinwa yo ap Tounen Washington!


Gwo Lous Panda Bao Li (a goch) lakay li nan Wolong, Lachin epi Qing Bao, lakay li nan Sichuan, Lachin - tou le 2 gen 2 zan. Foto sa yo pran 16 ak 17 Me 2024.
Gwo Lous Panda Bao Li (a goch) lakay li nan Wolong, Lachin epi Qing Bao, lakay li nan Sichuan, Lachin - tou le 2 gen 2 zan. Foto sa yo pran 16 ak 17 Me 2024.

Prèske 6 mwa apre moun vil Washington te di gwo lous Panda Lachinn te prete pak zowolojik nasyonal la babay ak dlo nan je, pak la di yap tann arive 2 nouvo lous nwa e blan.

Pak zowolojik nasyonal la anonse Mekredi, yon nouvo akò ant gouvènman Chinwa a pou voye yon pè lous Panda adilt, ki pral rive Washington anvan fen ane sa a.

Pak zowolojik la di lous Panda kap vini yo rele Bao Li ak Qing Bao.

Gwo lous Panda yo reprezante yon ikon nan Washington e moun toupatou nan mond lan renmen yo a mò.

Lous Panda yo senbolize amitye ant Lachin ak Etazini depi Peken te voye premye pè lous Panda yo bay pak zowolojik Nasyonal la nan ane 1972.

XS
SM
MD
LG